Revelation Chapter 22
1 And he shewed me a pure river of water of life, clear as crystal, proceeding out of the throne of God and of the Lamb.
1 Apre sa, zanj lan moutre m’ yon gwo larivyè dlo ki t’ap koule soti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi.
2 In the midst of the street of it, and on either side of the river, [was there] the tree of life, which bare twelve [manner of] fruits, [and] yielded her fruit every month: and the leaves of the tree [were] for the healing of the nations.
2 Li t’ap koule nan mitan granri lavil la. Sou de bò riviè a, te gen piebwa ki bay lavi a. Li donnen douz fwa nan lanne. Li donnen chak mwa. Se ak fèy li yo yo fè renmèd pou geri nasyon yo.
3 And there shall be no more curse: but the throne of God and of the Lamb shall be in it; and his servants shall serve him:
3 p’ap gen anyen nan lavil la k’ap tonbe anba madichon Bondye. Fòtèy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sèvitè yo va adore li.
4 And they shall see his face; and his name [shall be] in their foreheads.
4 Y’a parèt devan l’. Y’a gen non l’ make sou fwon yo.
5 And there shall be no night there; and they need no candle, neither light of the sun; for the Lord God giveth them light: and they shall reign for ever and ever.
5 p’ap janm fè nwit ankò. Moun yo p’ap bezwen ni limiè lanp ni limiè solèy, paske Mèt la, Bondye, va klere yo, li va yon limiè pou yo. Lè sa a y’a gouvènen pou tout tan.
6 And he said unto me, These sayings [are] faithful and true: and the Lord God of the holy prophets sent his angel to shew unto his servants the things which must shortly be done.
6 Apre sa, zanj lan di mwen: Pawòl sa yo se verite. Tout moun dwe kwè yo. Bondye Mèt la, li menm ki mete pawòl li nan bouch pwofèt yo, se li menm ki voye zanj li a vin moutre sèvitè l’ yo sa ki pral rive anvan lontan.
7 ‹Behold, I come quickly:› blessed [is] he that keepeth the sayings of the prophecy of this book.
7 Jezi di: Koute, m’ap vini talè konsa. Benediksyon pou moun ki koute pawòl Bondye ki nan liv sa a.
8 And I John saw these things, and heard [them]. And when I had heard and seen, I fell down to worship before the feet of the angel which shewed me these things.
8 Mwen menm Jan, mwen tande bagay sa yo, mwen wè yo. Apre mwen fin tande yo, apre mwen fin wè yo, mwen tonbe ajenou nan pie zanj ki te fè m’ wè yo a pou m’ adore li.
9 Then saith he unto me, See [thou do it] not: for I am thy fellowservant, and of thy brethren the prophets, and of them which keep the sayings of this book: worship God.
9 Men, li di mwen: Non pa fè sa. Se sèvi m’ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki pwofèt Bondye, ansanm ak tout moun k’ap obeyi pawòl ki nan liv sa a. Se Bondye pou ou adore.
10 And he saith unto me, Seal not the sayings of the prophecy of this book: for the time is at hand.
10 Apre sa, li di mwen: Pa sere pawòl Bondye ki nan liv sa a. Paske, anvan lontan tout bagay sa yo pral rive.
11 He that is unjust, let him be unjust still: and he which is filthy, let him be filthy still: and he that is righteous, let him be righteous still: and he that is holy, let him be holy still.
11 Mechan yo mèt plede ap fè toujou sa ki mal. Moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye yo mèt kontinye fè sa ki pa dakò ak sèvis Bondye. Moun ki bon yo mèt kontinye fè sa ki byen. Moun k’ap viv pou Bondye yo mèt kontinye viv pou Bondye.
12 ‹And, behold, I come quickly; and my reward› [is] ‹with me, to give every man according as his work shall be.›
12 Jezi di: Koute, m’ap vin talè konsa. M’ap pote rekonpans m’ap bay la avè m’, pou m’ bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
13 ‹I am Alpha and Omega, the beginning and the end, the first and the last.›
13 Se mwen menm ki A ak Z, se mwen menm ki premie ak dènye, se mwen menm ki konmansman ak finisman.
14 Blessed [are] they that do his commandments, that they may have right to the tree of life, and may enter in through the gates into the city.
14 Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gen dwa manje fwi piebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la.
15 For without [are] dogs, and sorcerers, and whoremongers, and murderers, and idolaters, and whosoever loveth and maketh a lie.
15 Men, mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k’ap fè maji, moun k’ap fè imoralite, ansasen, moun k’ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti.
16 ‹I Jesus have sent mine angel to testify unto you these things in the churches. I am the root and the offspring of David,› [and] ‹the bright and morning star.›
16 Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou anonse nou bagay sa yo nan legliz yo. Mwen soti nan ras David. Mwen se bèl zetwal k’ap klere chak maten an.
17 And the Spirit and the bride say, Come. And let him that heareth say, Come. And let him that is athirst come. And whosoever will, let him take the water of life freely.
17 Lespri Bondye a ansanm ak lamarye a di: Vini non. Se pou tout moun ki tande sa di tou: Vini non. Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l’ gratis.
18 For I testify unto every man that heareth the words of the prophecy of this book, If any man shall add unto these things, God shall add unto him the plagues that are written in this book:
18 Mwen menm Jan, men sa m’ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pa t’ ladan l’, Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a.
19 And if any man shall take away from the words of the book of this prophecy, God shall take away his part out of the book of life, and out of the holy city, and [from] the things which are written in this book.
19 Konsa tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan piebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan piebwa ak lavil yo pale nan liv sa a.
20 He which testifieth these things saith, ‹Surely I come quickly.› Amen. Even so, come, Lord Jesus.
20 Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di: Wi, m’ap vin talè konsa! Amèn. Vini non, Seyè Jezi!
21 The grace of our Lord Jesus Christ [be] with you all. Amen.
21 Se pou benediksyon Seyè Jezi a rete toujou la ak tout moun.
Leave a Reply