Revelation Chapter 19

Revelation Chapter 19

1 And after these things I heard a great voice of much people in heaven, saying, Alleluia; Salvation, and glory, and honour, and power, unto the Lord our God:
1 Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun nan sièl la ki t’ap pale byen fò. Yo t’ap di: Lwanj pou Bondye nou an! Se li menm ki delivre nou. Tout onè, tout pouvwa se pou li.
2 For true and righteous [are] his judgments: for he hath judged the great whore, which did corrupt the earth with her fornication, and hath avenged the blood of his servants at her hand.
2 Li jije dapre laverite san patipri. Li kondannen gwo jennès ki t’ap pèvèti latè ak imoralite l’ la. Li peni l’ byen peni, paske li te mete san sèvitè Bondye yo deyò, li te touye yo.
3 And again they said, Alleluia. And her smoke rose up for ever and ever.
3 Yo t’ap di ankò: Lwanj pou Bondye! Paske lafimen dife k’ap boule gwo lavil la ap moute pou tout tan.
4 And the four and twenty elders and the four beasts fell down and worshipped God that sat on the throne, saying, Amen; Alleluia.
4 Vennkat granmoun yo ak kat bèt vivan yo tonbe ajenou, yo adore Bondye ki te chita sou fòtèy la. Yo t’ap di: Amèn. Lwanj pou Bondye nou an!
5 And a voice came out of the throne, saying, Praise our God, all ye his servants, and ye that fear him, both small and great.
5 Yon vwa pale bò kot fòtèy la, li t’ap di: Ann fè lwanj Bondye nou an, nou tout k’ap sèvi l’, nou tout ki gen krentif pou li, piti kou gran!
6 And I heard as it were the voice of a great multitude, and as the voice of many waters, and as the voice of mighty thunderings, saying, Alleluia: for the Lord God omnipotent reigneth.
6 Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun, tankou yon gwo dlo k’ap tonbe nan yon kaskad, ou ankò tankou yon gwo kout loraj. Mwen tande yo t’ap di: Lwanj pou Bondye! Paske Mèt la, Bondye nou ki gen pouvwa a, ap gouvènen tankou yon wa.
7 Let us be glad and rejoice, and give honour to him: for the marriage of the Lamb is come, and his wife hath made herself ready.
7 Ann fè kè nou kontan! Ann kontan anpil! Ann chante pou li! Paske, lè a rive koulye a pou fete mariaj ti Mouton an. Lamarye a pare.
8 And to her was granted that she should be arrayed in fine linen, clean and white: for the fine linen is the righteousness of saints.
8 Yo ba l’ dwa abiye ak twal fen, byen klere, byen pwòp. (Twal fin an, se tout bagay pèp Bondye a te fè ki dwat devan Bondye.)
9 And he saith unto me, Write, Blessed [are] they which are called unto the marriage supper of the Lamb. And he saith unto me, These are the true sayings of God.
9 Zanj lan di m’: Ou mèt ekri: benediksyon pou tout moun ki envite nan resepsyon mariaj ti Mouton an. Apre sa li di m’: Pawòl sa yo se pawòl Bondye tout bon.
10 And I fell at his feet to worship him. And he said unto me, See [thou do it] not: I am thy fellowservant, and of thy brethren that have the testimony of Jesus: worship God: for the testimony of Jesus is the spirit of prophecy.
10 Mwen lage kò m’ atè pou m’ adore li. Men, li di m’: Non, pa fè sa. Se sèvi m’ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki kenbe pawòl Jezi a byen fèm. Se Bondye pou ou adore. Pawòl Jezi a, se li menm ki nan bouch pwofèt yo.
11 And I saw heaven opened, and behold a white horse; and he that sat upon him [was] called Faithful and True, and in righteousness he doth judge and make war.
11 Apre sa, mwen wè sièl la louvri, epi o! yon chwal blan parèt. Yo te rele moun ki sou li a: Nonm serie ki pa nan bay manti. L’ap jije, l’ap mennen batay la jan sa dwe fèt.
12 His eyes [were] as a flame of fire, and on his head [were] many crowns; and he had a name written, that no man knew, but he himself.
12 Je l’ yo klere tankou flanm dife. Li te gen yon bann kouwòn sou tèt li. Li te gen yon non ekri. Se li menm sèl ki te konnen non sa a, pesonn dòt pa t’ konnen li.
13 And he [was] clothed with a vesture dipped in blood: and his name is called The Word of God.
13 Li te gen yon rad benyen nan san. Yo rele l’ pawòl Bondye.
14 And the armies [which were] in heaven followed him upon white horses, clothed in fine linen, white and clean.
14 Lame ki nan sièl la t’ap swiv li. Yo tout te moute sou chwal blan, yo te abiye ak bèl rad twal fen, byen klere, byen pwòp.
15 And out of his mouth goeth a sharp sword, that with it he should smite the nations: and he shall rule them with a rod of iron: and he treadeth the winepress of the fierceness and wrath of Almighty God.
15 Yon nepe byen file t’ap soti nan bouch kavalie a. Se ak nepe sa a li t’ap frape nasyon yo. Li t’ap mennen yo ak yon baton fè. Li t’ap kraze rezen yo nan moulen diven gwo kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a.
16 And he hath on [his] vesture and on his thigh a name written, KING OF KINGS, AND LORD OF LORDS.
16 Sou rad li ak sou janm li yo te ekri non sa a: Wa tout wa yo, Chèf tout chèf yo.
17 And I saw an angel standing in the sun; and he cried with a loud voice, saying to all the fowls that fly in the midst of heaven, Come and gather yourselves together unto the supper of the great God;
17 Apre sa, mwen wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li t’ap pale ak tout zwezo k’ap vole nan sièl la, li t’ap di yo byen fò: Vini. Nou tout, sanble pou gwo manje resepsyon Bondye a.
18 That ye may eat the flesh of kings, and the flesh of captains, and the flesh of mighty men, and the flesh of horses, and of them that sit on them, and the flesh of all [men, both] free and bond, both small and great.
18 vin manje viann wa yo ak viann jeneral yo, viann sòlda yo, viann chwal yo ansanm ak viann kavalie yo, viann tout moun, esklav kou lib, piti kou gran.
19 And I saw the beast, and the kings of the earth, and their armies, gathered together to make war against him that sat on the horse, and against his army.
19 Apre sa, mwen wè bèt la ansanm ak wa latè yo ak tout lame pa yo. Yo te sanble pou yo te ka goumen kont moun ki te moute sou chwal la ak tout lame pa l’ la.
20 And the beast was taken, and with him the false prophet that wrought miracles before him, with which he deceived them that had received the mark of the beast, and them that worshipped his image. These both were cast alive into a lake of fire burning with brimstone.
20 Yo fè bèt la prizonie ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l’ lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t’ap adore estati l’ la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y’ap boule souf la.
21 And the remnant were slain with the sword of him that sat upon the horse, which [sword] proceeded out of his mouth: and all the fowls were filled with their flesh.
21 Nepe ki t’ap soti nan bouch moun ki te moute sou chwal la te touye tout lòt yo. Tout zwezo yo te manje viann plen vant yo.

Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

×

Search Bible Verses