Psalms Chapter 63

Psalms Chapter 63

1 A Psalm of David, when he was in the wilderness of Judah. O God, thou [art] my God; early will I seek thee: my soul thirsteth for thee, my flesh longeth for thee in a dry and thirsty land, where no water is;
1 (631) Se yon sòm David te ekri lè li te nan dezè peyi Jida a. (632) Bondye, se ou ki Bondye mwen. Jan m’ anvi wè ou! Jan m’ ap tann ou sa a! Se tout kò m’ k’ap mande pou ou, tankou tè sèk nan solèy k’ap tann lapli.
2 To see thy power and thy glory, so [as] I have seen thee in the sanctuary.
2 (633) Fè m’ antre kote ki apa pou ou nan kay ou a pou m’ wè ou, pou m’ wè jan ou gen pouvwa, jan ou merite pou yo fè lwanj ou.
3 Because thy lovingkindness [is] better than life, my lips shall praise thee.
3 (634) renmen ou gen pou nou an pi bon pase lavi. Se poutèt sa m’ap fè lwanj ou.
4 Thus will I bless thee while I live: I will lift up my hands in thy name.
4 (635) Konsa m’a pase tout lavi m’ ap di ou mèsi; se ou menm sèlman m’a lapriyè.
5 My soul shall be satisfied as [with] marrow and fatness; and my mouth shall praise [thee] with joyful lips:
5 (636) M’ap fè fèt, m’ap kontan tankou yon moun ki manje plen vant li yon manje ki gen bon gou, ki gen kont grès li ladan l’. Wi, se konsa kè m’ ap kontan. M’ap louvri bouch mwen pou m’ fè lwanj ou.
6 When I remember thee upon my bed, [and] meditate on thee in the [night] watches.
6 (637) Lè m’ kouche sou kabann mwen, lide m’ ap travay sou ou. Tout lannwit se ou m’ap kalkile.
7 Because thou hast been my help, therefore in the shadow of thy wings will I rejoice.
7 (638) Paske se ou ki tout sekou m’, m’ap rete kache anba zèl ou, m’ap chante sitèlman mwen kontan.
8 My soul followeth hard after thee: thy right hand upholdeth me.
8 (639) Mwen kole kò m’ sou ou, se pouvwa ou k’ap soutni mwen.
9 But those [that] seek my soul, to destroy [it], shall go into the lower parts of the earth.
9 (6310) Men, moun k’ap chache touye m’ yo, yo gen pou yo desann kote mò yo ye a.
10 They shall fall by the sword: they shall be a portion for foxes.
10 (6311) Yo gen pou yo mouri nan lagè, chen mawon gen pou manje kadav yo.
11 But the king shall rejoice in God; every one that sweareth by him shall glory: but the mouth of them that speak lies shall be stopped.
11 (6312) Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l’ devan va gen kè kontan tou. Men, y’ap fèmen bouch moun k’ap bay manti yo.

Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

×

Search Bible Verses