Psalms Chapter 38

Psalms Chapter 38

1 A Psalm of David, to bring to remembrance. O LORD, rebuke me not in thy wrath: neither chasten me in thy hot displeasure.
1 (381) Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (382) Seyè, pa pini m’ lè ou fache! Pa kale m’ lè ou an kòlè!
2 For thine arrows stick fast in me, and thy hand presseth me sore.
2 (383) Ou bat mwen jouk ou blese m’. Ou kale m’ byen kale.
3 [There is] no soundness in my flesh because of thine anger; neither [is there any] rest in my bones because of my sin.
3 (384) Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m’ ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m’ ap fè m’ mal.
4 For mine iniquities are gone over mine head: as an heavy burden they are too heavy for me.
4 (385) Peche m’ yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y’ap kraze m’ tankou yon chay ki twò lou pou mwen.
5 My wounds stink [and] are corrupt because of my foolishness.
5 (386) Malenng mwen yo santi, y’ap koule paske mwen te viv tankou moun fou.
6 I am troubled; I am bowed down greatly; I go mourning all the day long.
6 (387) Mwen kagou, ren m’ kase nèt. Tout lajounen m’ap mache tèt bese, dlo nan je.
7 For my loins are filled with a loathsome [disease]: and [there is] no soundness in my flesh.
7 (388) Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m’
8 I am feeble and sore broken: I have roared by reason of the disquietness of my heart.
8 (389) Mwen san fòs, tout zo nan kò m’ kraze. Kè m’ sere, m’ap plenn sitèlman m’ap soufri.
9 Lord, all my desire [is] before thee; and my groaning is not hid from thee.
9 (3810) Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m’ap soufri.
10 My heart panteth, my strength faileth me: as for the light of mine eyes, it also is gone from me.
10 (3811) Kè m’ ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò! Ata je m’, mwen pa ka louvri yo!
11 My lovers and my friends stand aloof from my sore; and my kinsmen stand afar off.
11 (3812) Tout zanmi m’, tout vwazinaj kanpe lwen mwen, tout fanmi m’ rete lwen mwen poutèt malenng mwen an.
12 They also that seek after my life lay snares [for me]: and they that seek my hurt speak mischievous things, and imagine deceits all the day long.
12 (3813) Moun ki ta renmen wè m’ mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m’ yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y’ap fè konplo sou mwen.
13 But I, as a deaf [man], heard not; and [I was] as a dumb man [that] openeth not his mouth.
13 (3814) Mwen menm, mwen tankou yon moun ki soudè, mwen pa tande. Mwen tankou yon moun ki bèbè, mwen pa pale.
14 Thus I was as a man that heareth not, and in whose mouth [are] no reproofs.
14 (3815) Wi, mwen pa louvri bouch mwen reponn yo paske mwen tankou yon moun ki pa tande sa y’ap di a.
15 For in thee, O LORD, do I hope: thou wilt hear, O Lord my God.
15 (3816) Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Seyè, Bondye mwen.
16 For I said, [Hear me], lest [otherwise] they should rejoice over me: when my foot slippeth, they magnify [themselves] against me.
16 (3817) Paske, mwen di nan kè m’: -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m’ chape.
17 For I [am] ready to halt, and my sorrow [is] continually before me.
17 (3818) Mwen prèt pou m’ tonbe. Doulè a pi rèd sou mwen.
18 For I will declare mine iniquity; I will be sorry for my sin.
18 (3819) Mwen rekonèt mechanste mwen fè. Kè m’ sere lè m’ wè sa m’ fè.
19 But mine enemies [are] lively, [and] they are strong: and they that hate me wrongfully are multiplied.
19 (3820) Lènmi m’ yo gwonèg, yo anpil. Se yon bann moun ki rete konsa yo pa vle wè m’.
20 They also that render evil for good are mine adversaries; because I follow [the thing that] good [is].
20 (3821) Moun sa yo rann mwen mal pou byen, yo leve kont mwen, paske m’ap chache fè byen.
21 Forsake me not, O LORD: O my God, be not far from me.
21 (3822) Pa lage m’ Seyè! Bondye mwen, pa rale kò ou dèyè!
22 Make haste to help me, O Lord my salvation.
22 (3823) Prese vin pote m’ sekou, Seyè, ou menm ki delivrans mwen.

Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

×

Search Bible Verses