Psalms Chapter 14

Psalms Chapter 14

1 To the chief Musician, [A Psalm] of David. The fool hath said in his heart, [There is] no God. They are corrupt, they have done abominable works, [there is] none that doeth good.
1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Moun fou yo di nan kè yo: Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y’ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.
2 The LORD looked down from heaven upon the children of men, to see if there were any that did understand, [and] seek God.
2 Seyè a rete nan syèl la, l’ap gade lèzòm anba, pou l’ wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k’ap chache l’.
3 They are all gone aside, they are [all] together become filthy: [there is] none that doeth good, no, not one.
3 Men yo tout pèdi chemen yo. Yo tout lage kò yo nan vis. Pa gen yonn ladan yo ki fè sa ki byen, non, pa menm yon sèl ladan yo.
4 Have all the workers of iniquity no knowledge? who eat up my people [as] they eat bread, and call not upon the LORD.
4 Seyè a di: Moun sa yo k’ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konnen? Y’ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen!
5 There were they in great fear: for God [is] in the generation of the righteous.
5 Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo.
6 Ye have shamed the counsel of the poor, because the LORD [is] his refuge.
6 Y’ap pase sa malere yo gen lide fè a nan betiz, men se nan Seyè a malere yo mete konfyans yo.
7 Oh that the salvation of Israel [were come] out of Zion! when the LORD bringeth back the captivity of his people, Jacob shall rejoice, [and] Israel shall be glad.
7 Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l’ vin delivre pèp Izrayèl la? Lè Seyè a va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.

Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

×

Search Bible Verses