Psalms Chapter 137

Psalms Chapter 137

1 By the rivers of Babylon, there we sat down, yea, we wept, when we remembered Zion.
1 Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t’ap kriye lè nou chonje peyi Siyon.
2 We hanged our harps upon the willows in the midst thereof.
2 Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a.
3 For there they that carried us away captive required of us a song; and they that wasted us [required of us] mirth, [saying], Sing us [one] of the songs of Zion.
3 Moun ki te fè nou prizonye yo t’ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t’ap peze nou yo t’ap mande pou nou anmize yo: -Chante yon chante peyi Siyon pou nou non!
4 How shall we sing the LORD’S song in a strange land?
4 Ki jan ou ta vle pou n’ chante yon chante Seyè a nan yon peyi etranje?
5 If I forget thee, O Jerusalem, let my right hand forget [her cunning].
5 Si nou bliye ou, Jerizalèm. se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou.
6 If I do not remember thee, let my tongue cleave to the roof of my mouth; if I prefer not Jerusalem above my chief joy.
6 Si nou pa chonje ou, si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou.
7 Remember, O LORD, the children of Edom in the day of Jerusalem; who said, Rase [it], rase [it, even] to the foundation thereof.
7 Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t’ap di: Kraze l’! Kraze l’ ratè!
8 O daughter of Babylon, who art to be destroyed; happy [shall he be], that rewardeth thee as thou hast served us.
8 Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.
9 Happy [shall he be], that taketh and dasheth thy little ones against the stones.
9 Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo, ki va kraze yo sou gwo wòch!

Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

×

Search Bible Verses