Proverbs Chapter 9
1 Wisdom hath builded her house, she hath hewn out her seven pillars:
1 Bon konprann bati kay li, li kanpe l’ avèk sèt gwo poto.
2 She hath killed her beasts; she hath mingled her wine; she hath also furnished her table.
2 Li fè yo pare bon vyann pou fè fèt, li fè bon konpoze ak diven, li ranje tab la byen ranje.
3 She hath sent forth her maidens: she crieth upon the highest places of the city,
3 Li rele sèvant li yo, li voye yo moute kote ki pi wo nan lavil la pou fè tout moun konnen nouvèl la, pou di yo:
4 Whoso [is] simple, let him turn in hither: [as for] him that wanteth understanding, she saith to him,
4 Nou menm ki poko konn anyen, vini non! Li rele moun san konprann yo, l’ap di yo:
5 Come, eat of my bread, and drink of the wine [which] I have mingled.
5 Vin manje manje mwen an non! Vin bwè bon diven mwen pare a non!
6 Forsake the foolish, and live; and go in the way of understanding.
6 Kite sòt! Vin aprann lavi! Vin mache nan chemen konesans.
7 He that reproveth a scorner getteth to himself shame: and he that rebuketh a wicked [man getteth] himself a blot.
7 Si w’ap kouri dèyè yon moun k’ap pase moun nan betiz, l’ap joure ou mete sou li. Si w’ap rale zòrèy yon mechan, l’ap bat ou mete sou li.
8 Reprove not a scorner, lest he hate thee: rebuke a wise man, and he will love thee.
8 Pa janm kouri dèyè yon moun k’ap pase moun nan betiz. L’a rayi ou. Men, si w’ap kouri dèyè yon moun ki gen konprann, l’a gen respè pou ou.
9 Give [instruction] to a wise [man], and he will be yet wiser: teach a just [man], and he will increase in learning.
9 Si ou pale ak yon moun ki gen bon konprann, w’ap fè l’ gen plis bon konprann toujou. Plis w’ap moutre yon nonm debyen, plis l’ap mete sou konesans li.
10 The fear of the LORD [is] the beginning of wisdom: and the knowledge of the holy [is] understanding.
10 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann. Si ou konnen ki moun Bondye ye, ou gen lespri.
11 For by me thy days shall be multiplied, and the years of thy life shall be increased.
11 Bon konprann ap fè ou viv lontan. L’ap fè ou wè plizyè lanne.
12 If thou be wise, thou shalt be wise for thyself: but [if] thou scornest, thou alone shalt bear [it].
12 Si ou gen bon konprann, premye moun k’ap pwofite sa se ou menm. Konsa tou, si w’ap pase konesans nan betiz, se ou menm tou k’ap peye konsekans lan pou kont ou.
13 A foolish woman [is] clamorous: [she is] simple, and knoweth nothing.
13 Moun sòt, se tankou yon fanm ki pale fò, ki pa konn anyen, ki pa wont anyen.
14 For she sitteth at the door of her house, on a seat in the high places of the city,
14 Li chita sou yon chèz devan papòt lakay li, li kage chèz li kote ki pi wo nan lavil la.
15 To call passengers who go right on their ways:
15 L’ap rele moun ki sou wout yo, ki pa sou bò l’. L’ap di yo:
16 Whoso [is] simple, let him turn in hither: and [as for] him that wanteth understanding, she saith to him,
16 Vini jwenn mwen non, nou menm ki poko konn anyen! Li pale ak moun ki san konprann yo, li di yo:
17 Stolen waters are sweet, and bread [eaten] in secret is pleasant.
17 Dlo kay moun toujou pi fre. Manje deyò toujou gen pi bon gou!
18 But he knoweth not that the dead [are] there; [and that] her guests [are] in the depths of hell.
18 Men, moun ki pran nan pawòl fanm sa a pa konnen lè yo mete pye lakay li se papye lanmò yo yo senyen. Depi yo antre lakay li, yo deja mouri.
Leave a Reply