Isaiah Chapter 12
1 And in that day thou shalt say, O LORD, I will praise thee: though thou wast angry with me, thine anger is turned away, and thou comfortedst me.
1 Jou sa a, w’a pran chante: -M’ap fè lwanj ou, Seyè! Ou te move sou mwen. Men koulye a, ou pa fache ankò. W’ap ban m’ kouraj.
2 Behold, God [is] my salvation; I will trust, and not be afraid: for the LORD JEHOVAH [is] my strength and [my] song; he also is become my salvation.
2 Se Bondye ki delivre m’! Mwen gen konfyans nan li. Kè m’ pa kase ankò! Se Seyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m’ap chante. Se li menm ki delivre m’!
3 Therefore with joy shall ye draw water out of the wells of salvation.
3 Menm jan kè pèp la kontan lè y’ apral pran dlo nan sous, se konsa y’a kontan lè Bondye ap delivre yo.
4 And in that day shall ye say, Praise the LORD, call upon his name, declare his doings among the people, make mention that his name is exalted.
4 Jou sa a, n’a pran chante: Ann di Bondye mèsi! Ann lapriyè nan pye l’! Fè tout nasyon yo konnen sa li fè.
5 Sing unto the LORD; for he hath done excellent things: this [is] known in all the earth.
5 Chante pou Seyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa!
6 Cry out and shout, thou inhabitant of Zion: for great [is] the Holy One of Israel in the midst of thee.
6 Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.
Leave a Reply