Ezekiel Chapter 42

Ezekiel Chapter 42

1 Then he brought me forth into the utter court, the way toward the north: and he brought me into the chamber that [was] over against the separate place, and which [was] before the building toward the north.
1 Apre sa, nonm lan mennen m’ nan gwo lakou deyò a. Li fè m’ antre nan yon gwo batisman ki sou bò nò tanp lan, pa twò lwen kay ki sou bò solèy kouche Tanp lan.
2 Before the length of an hundred cubits [was] the north door, and the breadth [was] fifty cubits.
2 Batisman sa a te gen sanswasantwit pye longè, katrevenkat pye lajè.
3 Over against the twenty [cubits] which [were] for the inner court, and over against the pavement which [was] for the utter court, [was] gallery against gallery in three [stories].
3 Sou yon bò te gen yon galeri trannkat pye lajè ki fè wonn Tanp lan. Sou lòt bò a, te gen pave gwo lakou deyò a. Kay la te yon chanmòt twa etaj, chak etaj te pi dèyè pase etaj anba l’ la.
4 And before the chambers [was] a walk of ten cubits breadth inward, a way of one cubit; and their doors toward the north.
4 Pòt chanm yo te bay sou bò nò, yo te louvri sou yon koridò sèz pye lajè, sanswasantwit pye longè ki pase devan chanm yo.
5 Now the upper chambers [were] shorter: for the galleries were higher than these, than the lower, and than the middlemost of the building.
5 Chanm ki te nan etaj anwo nèt la te pi fèmen pase chanm ki te nan etaj mitan an ak chanm ki te nan etaj anba nèt la, paske yo te bati plis sou dèyè.
6 For they [were] in three [stories], but had not pillars as the pillars of the courts: therefore [the building] was straitened more than the lowest and the middlemost from the ground.
6 Nan tout twa etaj yo, pyès ki te anwo nèt la te pi fèmen pase sa ki te nan mitan an ak sa ki te anba nèt la. Yo pa t’ gen poto pilye pou sipòte yo tankou lòt kay yo nan lakou a.
7 And the wall that [was] without over against the chambers, toward the utter court on the forepart of the chambers, the length thereof [was] fifty cubits.
7 Miray deyò Tanp lan, sou anba nèt, sou menm nivo ak premye etaj la, te gen katrevenkat pye epesè, ki vle di mwatye lajè gwo kay nò a.
8 For the length of the chambers that [were] in the utter court [was] fifty cubits: and, lo, before the temple [were] an hundred cubits.
8 Anwo nèt, pyès yo te pran tout lajè kay la. Paske fasad devan kay la te gen sanswasantwit pye.
9 And from under these chambers [was] the entry on the east side, as one goeth into them from the utter court.
9 Anba chanm yo, sou bò solèy leve kay la, kote miray la konmanse a, te gen yon pòtay pou antre nan gwo lakou deyò a.
10 The chambers [were] in the thickness of the wall of the court toward the east, over against the separate place, and over against the building.
10 Sou bò sid Tanp lan, te gen yon lòt gwo batisman tankou premye a, toupre gwo pyès ki sou bò solèy kouche Tanp lan.
11 And the way before them [was] like the appearance of the chambers which [were] toward the north, as long as they, [and] as broad as they: and all their goings out [were] both according to their fashions, and according to their doors.
11 Devan chanm yo, te gen yon koridò tankou pou kay ki sou bò nò a. Li te gen menm longè, menm lajè avè l’, menm fòm, ak menm pozisyon pou pòt yo ak fennèt yo.
12 And according to the doors of the chambers that [were] toward the south [was] a door in the head of the way, [even] the way directly before the wall toward the east, as one entereth into them.
12 Te gen yon pòt nan chanm yo sou bò sid kay la ki louvri sou koridò nan pwent bò solèy leve a, kote miray la konmanse a.
13 Then said he unto me, The north chambers [and] the south chambers, which [are] before the separate place, they [be] holy chambers, where the priests that approach unto the LORD shall eat the most holy things: there shall they lay the most holy things, and the meat offering, and the sin offering, and the trespass offering; for the place [is] holy.
13 Lè sa a, nonm lan di m’: -De gwo kay sa yo, yonn sou bò nò, yonn bò sid, se chanm ki mache ak chanm yo met apa pou Seyè a. Se la prèt k’ap sèvi devan lotèl Seyè a manje ofrann yo mete apa pou Seyè a. Chanm sa yo fèt pou rete apa pou Seyè a tou. Se la prèt yo pral met ofrann yo met apa pou Seyè a, ofrann grenn jaden osinon bèt yo ofri bay Seyè a pou mande l’ padon pou peche osinon pou peye pou sa yo te fè ki mal, paske kay sa a apa pou Seyè a.
14 When the priests enter therein, then shall they not go out of the holy [place] into the utter court, but there they shall lay their garments wherein they minister; for they [are] holy; and shall put on other garments, and shall approach to [those things] which [are] for the people.
14 Lè prèt yo fin sèvi nan Tanp lan, anvan yo soti nan gwo lakou deyò a, se pou yo ale nan kay sa a pou yo mete rad seremoni yo te gen sou yo pandan sèvis la, paske rad sa yo se rad ki apa pou Seyè a. Se pou yo mete lòt rad sou yo anvan yo soti nan zòn kote pèp la rasanble a.
15 Now when he had made an end of measuring the inner house, he brought me forth toward the gate whose prospect [is] toward the east, and measured it round about.
15 Lè nonm lan fin mezire tout anndan Tanp lan, li soti avè m’ nan pòtay bò solèy leve a, epi li mezire gwo lakou ki fè wonn Tanp lan.
16 He measured the east side with the measuring reed, five hundred reeds, with the measuring reed round about.
16 Li pran baton pou mezire a, li pran mezi fasad ki bay sou solèy leve a. Li jwenn witsankarant (840) pye.
17 He measured the north side, five hundred reeds, with the measuring reed round about.
17 Apre sa, li mezire bò ki bay sou nò a, li jwenn witsankarant (840) pye tou.
18 He measured the south side, five hundred reeds, with the measuring reed.
18 Apre sa, li mezire bò ki bay sou sid la, li jwenn witsankarant (840) pye.
19 He turned about to the west side, [and] measured five hundred reeds with the measuring reed.
19 Lèfini, li mezire bò ki bay sou solèy kouche a, li jwenn witsankarant (840) pye tou.
20 He measured it by the four sides: it had a wall round about, five hundred [reeds] long, and five hundred broad, to make a separation between the sanctuary and the profane place.
20 Konsa, li jwenn miray ki te fè wonn tanp lan ansanm ak gwo lakou a te kare kare, witsankarant (840) pye chak bò. Miray la te sèvi pou separe sa ki te apa pou Seyè a ak sa yo pa t’ mete apa pou Seyè a.

Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

×

Search Bible Verses