Ephesians Chapter 6

Ephesians Chapter 6

1 Children, obey your parents in the Lord: for this is right.
1 Timoun, se devwa nou tankou moun ki kwè nan Seyè a pou n’ obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye.
2 Honour thy father and mother; (which is the first commandment with promise;)
2 Respekte papa ou ak manman ou. Sa se premye kòmandman ki gen yon pwomès dèyè l’:
3 That it may be well with thee, and thou mayest live long on the earth.
3 Pou nou ka viv lontan ak kè kontan sou latè.
4 And, ye fathers, provoke not your children to wrath: but bring them up in the nurture and admonition of the Lord.
4 Kanta nou menm, manman ak papa, pa aji ak timoun nou yo yon jan pou eksite yo. Men, ba yo bon levasyon, korije yo, pale ak yo dapre prensip Seyè a.
5 Servants, be obedient to them that are [your] masters according to the flesh, with fear and trembling, in singleness of your heart, as unto Christ;
5 Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a avèk respè, avèk krentif, ak tout kè nou menm jan nou ta sèvi Kris la.
6 Not with eyeservice, as menpleasers; but as the servants of Christ, doing the will of God from the heart;
6 Se pa sèlman lè yo la ap gade nou pou nou aji konsa, tankou moun k’ap achte figi. Lekontrè, fè sa Bondye vle nou fè a ak tout kè nou, tankou moun k’ap sèvi Kris la.
7 With good will doing service, as to the Lord, and not to men:
7 Fè travay nou ak kè kontan, tankou si se pa pou moun nou t’ap travay, men pou Seyè a.
8 Knowing that whatsoever good thing any man doeth, the same shall he receive of the Lord, whether [he be] bond or free.
8 Paske chonje byen: kit yon moun esklav, kit li lib, li gen pou l’ resevwa sa ki pou li nan men Seyè a, dapre bon travay li fè a.
9 And, ye masters, do the same things unto them, forbearing threatening: knowing that your Master also is in heaven; neither is there respect of persons with him.
9 Nou menm mèt, se pou n’ aji menm jan an tou ak moun k’ap sèvi nou yo. Pa fè yo okenn menas. Toujou chonje ni nou menm, ni domestik nou yo, nou gen yon sèl Mèt nan syèl la, ki pa gade sou figi moun.
10 Finally, my brethren, be strong in the Lord, and in the power of his might.
10 Pou fini, chache fòs nou nan lavi n’ap mennen ansanm ak Seyè a ak nan gwo pouvwa li.
11 Put on the whole armour of God, that ye may be able to stand against the wiles of the devil.
11 Pran mete sou nou tout kalite zam Bondye ban nou pou nou ka kenbe tèt anba riz Satan.
12 For we wrestle not against flesh and blood, but against principalities, against powers, against the rulers of the darkness of this world, against spiritual wickedness in high [places].
12 Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k’ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.
13 Wherefore take unto you the whole armour of God, that ye may be able to withstand in the evil day, and having done all, to stand.
13 Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n’a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n’a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou.
14 Stand therefore, having your loins girt about with truth, and having on the breastplate of righteousness;
14 Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo.
15 And your feet shod with the preparation of the gospel of peace;
15 Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bon nouvèl k’ap fè moun viv ak kè poze a.
16 Above all, taking the shield of faith, wherewith ye shall be able to quench all the fiery darts of the wicked.
16 Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou.
17 And take the helmet of salvation, and the sword of the Spirit, which is the word of God:
17 Resevwa pouvwa Bondye k’ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou.
18 Praying always with all prayer and supplication in the Spirit, and watching thereunto with all perseverance and supplication for all saints;
18 Pandan n’ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n’ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a.
19 And for me, that utterance may be given unto me, that I may open my mouth boldly, to make known the mystery of the gospel,
19 Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m’a gen pou m’ pale, pou m’ ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bon nouvèl la.
20 For which I am an ambassador in bonds: that therein I may speak boldly, as I ought to speak.
20 Nou mèt wè m’ nan prizon koulye a, se Bondye ki ban m’ misyon fè konnen bon nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m’ ka pale avèk lasirans, jan m’ dwe fè l’ la.
21 But that ye also may know my affairs, [and] how I do, Tychicus, a beloved brother and faithful minister in the Lord, shall make known to you all things:
21 Tichik, frè nou renmen anpil la epi ki yon bon sèvitè nan travay Seyè a, va ban nou tout nouvèl mwen, pou nou ka konnen jan zafè m’ ap mache.
22 Whom I have sent unto you for the same purpose, that ye might know our affairs, and [that] he might comfort your hearts.
22 M’ap voye l’ tout espre pou l’ sa di nou kouman mwen ye, pou nou pa fin dekouraje, pou sa remoute kouraj nou.
23 Peace [be] to the brethren, and love with faith, from God the Father and the Lord Jesus Christ.
23 Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye.
24 Grace [be] with all them that love our Lord Jesus Christ in sincerity. Amen.
24 benediksyon Bondye pou tout moun ki renmen Jezikri, Seyè nou an, ak yon renmen ki p’ap janm fini.

Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

×

Search Bible Verses