2 Corinthians Chapter 11

2 Corinthians Chapter 11

1 Would to God ye could bear with me a little in [my] folly: and indeed bear with me.
1 Mwen ta renmen nou pèmèt mwen pran pòz moun fou m’ pou yon ti moman. Enben, wi, pèmèt mwen fè sa.
2 For I am jealous over you with godly jealousy: for I have espoused you to one husband, that I may present [you as] a chaste virgin to Christ.
2 M’ap fè jalouzi pou nou, yon jalouzi ki soti nan Bondye. Paske, nou tankou yon jenn fi ki pa nan dezòd. Mwen fiyanse nou ak yon sèl gason. Gason sa a se Kris la.
3 But I fear, lest by any means, as the serpent beguiled Eve through his subtilty, so your minds should be corrupted from the simplicity that is in Christ.
3 Men, mwen pè pou lespri nou pa pèvèti, pou nou pa manke Kris la pawòl, pou nou pa tonbe nan dezòd tankou Ev ki te kite sèpan an vire lòlòj li ak riz li yo.
4 For if he that cometh preacheth another Jesus, whom we have not preached, or [if] ye receive another spirit, which ye have not received, or another gospel, which ye have not accepted, ye might well bear with [him].
4 Mwen di sa paske mwen wè nou kite nenpòt ki moun vin fè nou konnen yon Jezi ki pa menm ak Jezi mwen te fè nou konnen an, epi nou pa di anyen. Mwen wè nou pare pou n’ asepte yon lespri ak yon mesaj ki pa menm ni ak Lespri Bondye a, ni ak bon nouvèl mwen te ban nou an.
5 For I suppose I was not a whit behind the very chiefest apostles.
5 Pou mwen, mwen pa wè sa apòt ki kwè yo plis pase tout moun yo gen pase mwen.
6 But though [I be] rude in speech, yet not in knowledge; but we have been throughly made manifest among you in all things.
6 Mwen ka pa konn pale byen, men pou konesans la, se pa menm bagay. Nan tout okazyon ak nan tout bagay mwen te toujou fè nou wè sa.
7 Have I committed an offence in abasing myself that ye might be exalted, because I have preached to you the gospel of God freely?
7 Lè m’ te anonse nou bon nouvèl Bondye a, mwen te fè sa gratis pou nou, mwen te desann tèt mwen pou m’ te ka fè nou kanpe. Eske mwen te gen tò lè m’ te fè sa?
8 I robbed other churches, taking wages [of them], to do you service.
8 Lè sa a, mwen te asepte lajan nan men lòt legliz yo. Se tankou si m’ te pran nan sa ki pou yo pou m’ te kapab ede nou.
9 And when I was present with you, and wanted, I was chargeable to no man: for that which was lacking to me the brethren which came from Macedonia supplied: and in all [things] I have kept myself from being burdensome unto you, and [so] will I keep [myself].
9 Pandan tout tan mwen te pase lakay nou an, mwen pa t’ sou kont pesonn lè m’ te bezwen lajan, paske frè ki soti Masedwan yo te pote tou sa m’ te bezwen pou mwen. Mwen te pran kont prekosyon m’ pou m’ pa t’ sou kont nou yonn pou anyen, epi m’ap toujou pran menm prekosyon sa a.
10 As the truth of Christ is in me, no man shall stop me of this boasting in the regions of Achaia.
10 Jan mwen sèten mwen konnen verite Kris la, mwen pa ka bay manti, se konsa m’ap di nou sa: rezon sa a mwen genyen pou m’ vante tèt mwen nan tout peyi Lakayi a, pesonn p’ap kapab wete l’ nan men mwen.
11 Wherefore? because I love you not? God knoweth.
11 Poukisa? Eske se paske mwen pa renmen nou? Se Bondye ki konnen jan mwen renmen nou.
12 But what I do, that I will do, that I may cut off occasion from them which desire occasion; that wherein they glory, they may be found even as we.
12 Men, m’ap toujou aji jan m’ap aji koulye a, pou m’ pa bay moun k’ap chache okazyon pou yo fè grandizè chans pou yo ka di yo travay menm jan ak mwen.
13 For such [are] false apostles, deceitful workers, transforming themselves into the apostles of Christ.
13 Moun sa yo, se pòz apòt yo y’ap pran. Y’ap bay manti sou travay yo, y’ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la.
14 And no marvel; for Satan himself is transformed into an angel of light.
14 Pa gen anyen la a ki pou fè n’ sezi: ata Satan ka ranje kò l’ pou l’ pran pòz yon zanj limyè.
15 Therefore [it is] no great thing if his ministers also be transformed as the ministers of righteousness; whose end shall be according to their works.
15 Si moun k’ap sèvi Satan yo pran pòz moun k’ap sèvi sa ki byen, pa gen anyen ki dwòl nan sa. Men, bout pou bout y’a jwenn sa y’ap chache a.
16 I say again, Let no man think me a fool; if otherwise, yet as a fool receive me, that I may boast myself a little.
16 M’ap repete sa m’ te di a: Piga pesonn pran m’ pou moun fou. Men, si nou pran m’ pou moun fou, kite m’ pran pòz moun fou m’ vre pou m’ kapab vante tèt mwen yon ti kras tou.
17 That which I speak, I speak [it] not after the Lord, but as it were foolishly, in this confidence of boasting.
17 Sa m’ap di koulye a, se pa sa menm Seyè a ta renmen m’ di. Men, nan pozisyon yo mete m’ ki fè m’ ka vante tèt mwen an, m’ap pale tankou si m’ te fou.
18 Seeing that many glory after the flesh, I will glory also.
18 Sitèlman gen moun k’ap vante tèt yo pou bagay y’ap fè sou latè, kite m’ vante tèt mwen tou.
19 For ye suffer fools gladly, seeing ye [yourselves] are wise.
19 Nou menm ki gen bon konprann nou pa manke tolere moun fou!
20 For ye suffer, if a man bring you into bondage, if a man devour [you], if a man take [of you], if a man exalt himself, if a man smite you on the face.
20 Nou kite yo fè nou tounen esklav, nou kite yo devore nou, nou kite yo pran nou nan pèlen, nou kite yo fè awogans sou nou, nou kite yo ban nou souflèt.
21 I speak as concerning reproach, as though we had been weak. Howbeit whereinsoever any is bold, (I speak foolishly,) I am bold also.
21 Wi, mwen wont di sa: Mwen te twò fèb pou m’ te aji jan m’ te aji ak nou an! Men, si gen moun ki ka pèmèt yo vante tèt yo pou lòt bagay (pa bliye m’ap pale tankou yon moun fou wi!) mwen menm tou m’ap pèmèt mwen fè sa tou.
22 Are they Hebrews? so [am] I. Are they Israelites? so [am] I. Are they the seed of Abraham? so [am] I.
22 Eske yo se pitit pitit Ebè? Mwen menm tou. Eske yo se moun ras Izrayèl la? Mwen menm tou. Eske yo se pitit pitit Abraram? Mwen menm tou.
23 Are they ministers of Christ? (I speak as a fool) I [am] more; in labours more abundant, in stripes above measure, in prisons more frequent, in deaths oft.
23 Eske yo se moun k’ap sèvi Kris la? (M’ap pale koulye a tankou moun ki deraye nèt.) Mwen sèvi Kris la plis pase yo: mwen travay pase yo, yo mete m’ nan prizon pi plis pase yo, yo bat mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo.
24 Of the Jews five times received I forty [stripes] save one.
24 An senk fwa, jwif yo ban m’ trant nèf kout fwèt.
25 Thrice was I beaten with rods, once was I stoned, thrice I suffered shipwreck, a night and a day I have been in the deep;
25 An twa fwa, women yo bat mwen. Yon fwa yo kalonnen m’ wòch pou yo te touye mwen. Batiman koule avè m’ twa fwa. Yon fwa menm mwen pase yon jou ak yon nwit nan dlo.
26 [In] journeyings often, [in] perils of waters, [in] perils of robbers, [in] perils by [mine own] countrymen, [in] perils by the heathen, [in] perils in the city, [in] perils in the wilderness, [in] perils in the sea, [in] perils among false brethren;
26 Anpil fwa menm, lè m’ap vwayaje konsa dlo larivyè manke pote m’ ale. Bandi manke touye m’, jwif yo manke touye m’ tou, ata moun lòt nasyon yo manke touye m’ tou. Mwen te an danje nan lavil, mwen te an danje andeyò, mwen te an danje sou lanmè. Ata swadizan frè yo manke touye mwen.
27 In weariness and painfulness, in watchings often, in hunger and thirst, in fastings often, in cold and nakedness.
27 Mwen redi travay di, mwen fatige kò m’ anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m’ mete sou mwen.
28 Beside those things that are without, that which cometh upon me daily, the care of all the churches.
28 San konte anpil lòt bagay ankò, chak jou se tèt chaje pou mwen ak bagay mwen gen pou m’ regle pou tout legliz yo.
29 Who is weak, and I am not weak? who is offended, and I burn not?
29 Si yon moun fèb, lamenm mwen fèb tou. Si yon moun tonbe nan peche, sa rann mwen malad.
30 If I must needs glory, I will glory of the things which concern mine infirmities.
30 Si se pou m’ vante tèt mwen, m’a vante tèt mwen pou tout bagay ki pou moutre jan m’ fèb.
31 The God and Father of our Lord Jesus Christ, which is blessed for evermore, knoweth that I lie not.
31 Bondye ki Papa Seyè Jezi a (li menm k’ap resevwa lwanj tout tan an), li konnen mwen p’ap bay manti.
32 In Damascus the governor under Aretas the king kept the city of the Damascenes with a garrison, desirous to apprehend me:
32 Lè m’ te lavil Damas, moun wa Aretas te mete pou gouvènen lavil la pran gad, li mete yo nan tout pòtay lavil la pou yo te arete m’.
33 And through a window in a basket was I let down by the wall, and escaped his hands.
33 Men frè yo fè m’ pase nan yon fennèt nan gwo miray lavil la. Yo file m’ desann nan yon panyen. Se konsa mwen te chape kò m’ anba men li.

Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

×

Search Bible Verses