1 Corinthians Chapter 11

1 Corinthians Chapter 11

1 Be ye followers of me, even as I also [am] of Christ.
1 Se pou nou swiv egzanp mwen, menm jan mwen menm mwen swiv egzanp Kris la.
2 Now I praise you, brethren, that ye remember me in all things, and keep the ordinances, as I delivered [them] to you.
2 Mwen fè nou konpliman pou jan nou toujou chonje m’, pou jan nou kenbe tout bagay mwen te moutre nou.
3 But I would have you know, that the head of every man is Christ; and the head of the woman [is] the man; and the head of Christ [is] God.
3 Men, mwen vle nou konprann sa byen: Kris la se chèf tout gason, gason se chèf fanm. Bondye se chèf Kris la.
4 Every man praying or prophesying, having [his] head covered, dishonoureth his head.
4 Si yon gason kite chapo l’ nan tèt li lè l’ap lapriyè osinon lè l’ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte Kris la.
5 But every woman that prayeth or prophesieth with [her] head uncovered dishonoureth her head: for that is even all one as if she were shaven.
5 Men, si yon fanm pa mete anyen sou tèt li lè l’ap lapriyè osinon lè l’ap bay yon mesaj ki soti nan Bondye, li derespekte mari li. Se tankou si se te yon fanm ki te gen tèt li kale.
6 For if the woman be not covered, let her also be shorn: but if it be a shame for a woman to be shorn or shaven, let her be covered.
6 Si yon fanm pa kouvri tèt li, li ta mèt tou koupe cheve l’ tou. Enben, si se yon wont pou yon fanm koupe cheve l’ ou ankò pou l’ kale tèt li, se pou l’ kouvri tèt li tou.
7 For a man indeed ought not to cover [his] head, forasmuch as he is the image and glory of God: but the woman is the glory of the man.
7 Gason an pa bezwen kouvri tèt li, paske se pòtre Bondye li ye. Tankou nan yon glas, li fè wè bèl pouvwa Bondye a. Men, fanm lan menm se pouvwa gason an li fè wè.
8 For the man is not of the woman; but the woman of the man.
8 Paske, se pa t’ avèk moso nan kò yon fanm Bondye te kreye gason, se avèk moso nan kò yon gason li te fè fanm.
9 Neither was the man created for the woman; but the woman for the man.
9 Se pa pou fanm lan Bondye te kreye gason an, men se pou gason an Bondye te kreye fanm lan.
10 For this cause ought the woman to have power on [her] head because of the angels.
10 Se poutèt sa, akòz zanj Bondye yo, fanm lan dwe pote yon mak sou tèt li pou moutre li soumèt anba otorite mari li.
11 Nevertheless neither is the man without the woman, neither the woman without the man, in the Lord.
11 Men, nan lavi n’ap mennen ansanm ak Seyè a, fanm bezwen sèvis gason, gason bezwen sèvis fanm.
12 For as the woman [is] of the man, even so [is] the man also by the woman; but all things of God.
12 Paske, menm jan se avèk moso kò yon gason Bondye te kreye fanm, konsa tou se nan vant fanm gason soti. Men, tout bagay soti nan Bondye.
13 Judge in yourselves: is it comely that a woman pray unto God uncovered?
13 Dapre nou, èske se lizay sa pou yon fanm pa gen anyen sou tèt li lè l’ap lapriyè Bondye?
14 Doth not even nature itself teach you, that, if a man have long hair, it is a shame unto him?
14 Se pa natirèl pou yon gason gen cheve long. Sa se yon wont.
15 But if a woman have long hair, it is a glory to her: for [her] hair is given her for a covering.
15 Men, se bèl bagay pou yon fanm gen cheve long. Bondye ba l’ cheve long li yo pou sèvi l’ tankou yon vwal sou tèt li.
16 But if any man seem to be contentious, we have no such custom, neither the churches of God.
16 Si yon moun vle pouse diskisyon sa a pi lwen, mwen menm se tou sa mwen gen pou m’ di li: ni nou menm, ni lòt legliz Bondye yo, nou pa gen lòt koutim nou swiv lè nou nan sèvis.
17 Now in this that I declare [unto you] I praise [you] not, that ye come together not for the better, but for the worse.
17 Pou sa m’ap di nou koulye a, mwen pa fè nou konpliman menm, paske lè nou reyini nou fè tèt nou plis tò pase nou fè tèt nou byen.
18 For first of all, when ye come together in the church, I hear that there be divisions among you; and I partly believe it.
18 Pou kòmanse, mwen tande lè nou sanble pou sèvis la, nou fè ti pil gwo pil. Mwen konnen sa pa fin manti nèt.
19 For there must be also heresies among you, that they which are approved may be made manifest among you.
19 (Ap toujou gen divizyon nan mitan nou pou yo ka rekonèt moun ki kwè tout bon yo ak moun ki pa kwè yo.)
20 When ye come together therefore into one place, [this] is not to eat the Lord’s supper.
20 Lè nou reyini ansanm, gen lè se pa manje Seyè a nou vin manje.
21 For in eating every one taketh before [other] his own supper: and one is hungry, and another is drunken.
21 Paske, lè nou chita bò tab la, chak moun ap prese manje manje pa li. Lè konsa, yon pati rete grangou, yon lòt menm gen tan sou sitèlman li bwè.
22 What? have ye not houses to eat and to drink in? or despise ye the church of God, and shame them that have not? What shall I say to you? shall I praise you in this? I praise [you] not.
22 Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n’ manje, pou n’ bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, èske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m’ fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa!
23 For I have received of the Lord that which also I delivered unto you, That the Lord Jesus the [same] night in which he was betrayed took bread:
23 Paske, men sa Seyè a te fè m’ konnen, se sa menm mwen te moutre nou tou: Jou lannwit yo te trayi l’ la, Seyè Jezi te pran pen,
24 And when he had given thanks, he brake [it], and said, ‹Take, eat: this is my body, which is broken for you: this do in remembrance of me.›
24 lè li fin di Bondye mèsi li kase l’, epi li di: Sa a se kò m’, se pou nou li ye. Se pou nou fè sa pou nou ka chonje mwen.
25 After the same manner also [he took] the cup, when he had supped, saying, ‹This cup is the new testament in my blood: this do ye, as oft as ye drink› [it], ‹in remembrance of me.›
25 Konsa tou, apre yo fin manje, li pran gode diven an, li di yo: Gode sa a se nouvo kontra Bondye fè avè nou nan san mwen. Se pou nou fè sa chak fwa n’ap bwè ladan l’ pou nou ka chonje mwen.
26 For as often as ye eat this bread, and drink this cup, ye do shew the Lord’s death till he come.
26 Se konsa, chak fwa n’ap manje pen sa a, chak fwa n’ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n’ap anonse jouk jou Seyè a gen pou l’ vini an.
27 Wherefore whosoever shall eat this bread, and drink [this] cup of the Lord, unworthily, shall be guilty of the body and blood of the Lord.
27 Se poutèt sa, si yon moun manje pen Seyè a, osinon li bwè nan gode Seyè a yon jan ki pa konvenab, moun sa a koupab, paske li peche ni kont kò Seyè a ni kont san li an.
28 But let a man examine himself, and so let him eat of [that] bread, and drink of [that] cup.
28 Se pou chak moun egzaminen tèt yo byen anvan. Se konsa y’a mèt manje pen sa a, y’a mèt bwè nan gode sa a.
29 For he that eateth and drinketh unworthily, eateth and drinketh damnation to himself, not discerning the Lord’s body.
29 Si yon moun manje pen sa a, si l’ bwè nan gode sa a san li pa rekonèt rapò pen an ansanm ak diven an gen avèk kò Seyè a, se rale l’ap rale yon jijman sou tèt li lè l’ap manje pen an ak lè l’ap bwè nan gode a.
30 For this cause many [are] weak and sickly among you, and many sleep.
30 Se sak fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k’ap soufri feblès, san konte sa ki mouri deja.
31 For if we would judge ourselves, we should not be judged.
31 Si nou te egzaminen tèt nou byen anvan, nou pa ta tonbe anba jijman Bondye a.
32 But when we are judged, we are chastened of the Lord, that we should not be condemned with the world.
32 Men, Seyè a jije nou, li peni nou konsa pou li sa pa kondannen nou ansanm ak moun ki nan lemonn yo.
33 Wherefore, my brethren, when ye come together to eat, tarry one for another.
33 Se sak fè, frè m’ yo, lè nou reyini ansanm pou manje manje Seyè a, se pou yonn tann lòt.
34 And if any man hunger, let him eat at home; that ye come not together unto condemnation. And the rest will I set in order when I come.
34 Si yon moun grangou, se pou l’ manje lakay li, pou l’ pa rale jijman Bondye sou nou lè nou reyini. Pou lòt keksyon yo, m’a regle sa lè m’a rive lakay nou.

Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

×

Search Bible Verses