Psalms Chapter 119

Psalms Chapter 119

1 ALEPH. Blessed [are] the undefiled in the way, who walk in the law of the LORD.
1 Ala bon sa bon pou moun k’ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k’ap mache dapre lalwa Seyè a!
2 Blessed [are] they that keep his testimonies, [and that] seek him with the whole heart.
2 Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k’ap chache obeyi l’ ak tout kè yo!
3 They also do no iniquity: they walk in his ways.
3 Moun konsa p’ap fè mal, y’ap mache nan chemen li mete devan yo.
4 Thou hast commanded [us] to keep thy precepts diligently.
4 Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn.
5 O that my ways were directed to keep thy statutes!
5 Jan m’ ta renmen kenbe fèm pou m’ toujou fè sa ou mande!
6 Then shall I not be ashamed, when I have respect unto all thy commandments.
6 Konsa, mwen p’ap janm wont lè m’ap kalkile kòmandman ou yo.
7 I will praise thee with uprightness of heart, when I shall have learned thy righteous judgments.
7 M’a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè m’ aprann tou sa ou deside nan jistis ou.
8 I will keep thy statutes: O forsake me not utterly.
8 Mwen vle fè tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m’.
9 BETH. Wherewithal shall a young man cleanse his way? by taking heed [thereto] according to thy word.
9 Kisa yon jenn gason dwe fè pou l’ mennen bak li dwat? Se pou l’ toujou mache jan ou di l’ mache a.
10 With my whole heart have I sought thee: O let me not wander from thy commandments.
10 Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m’ dezobeyi kòmandman ou yo.
11 Thy word have I hid in mine heart, that I might not sin against thee.
11 Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m’ pa fè peche kont ou.
12 Blessed [art] thou, O LORD: teach me thy statutes.
12 Mèsi, Bondye. Moutre m’ tou sa ou vle m’ fè.
13 With my lips have I declared all the judgments of thy mouth.
13 M’ap repete ak bouch mwen tout jijman ki soti nan bouch ou.
14 I have rejoiced in the way of thy testimonies, as [much as] in all riches.
14 Mwen pran plezi m’ pou m’ mache dapre prensip ou yo, tankou si m’ te gen tout richès sou latè.
15 I will meditate in thy precepts, and have respect unto thy ways.
15 M’ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M’ap egzaminen chemen ou mete devan nou.
16 I will delight myself in thy statutes: I will not forget thy word.
16 Mwen pran tout plezi m’ nan fè sa ou mande. Mwen p’ap bliye pawòl ou yo.
17 GIMEL. Deal bountifully with thy servant, [that] I may live, and keep thy word.
17 Aji byen avè m’, mwen menm k’ap sèvi ou la, pou m’ ka viv, pou m’ ka fè tou sa ou di m’ fè.
18 Open thou mine eyes, that I may behold wondrous things out of thy law.
18 Louvri je m’ pou m’ ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la.
19 I [am] a stranger in the earth: hide not thy commandments from me.
19 Se pase m’ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m’ konnen kòmandman ou yo.
20 My soul breaketh for the longing [that it hath] unto thy judgments at all times.
20 Se tout tan kè m’ ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside.
21 Thou hast rebuked the proud [that are] cursed, which do err from thy commandments.
21 Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k’ap dezobeyi kòmandman ou yo.
22 Remove from me reproach and contempt; for I have kept thy testimonies.
22 Pa kite yo joure m’, pa kite yo meprize m’, paske mwen te kenbe prensip ou yo.
23 Princes also did sit [and] speak against me: [but] thy servant did meditate in thy statutes.
23 Menm si chèf yo chita pou pale m’ mal, mwen menm k’ap sèvi ou la, m’ap kalkile sou sa ou vle m’ fè a.
24 Thy testimonies also [are] my delight [and] my counsellors.
24 Prensip ou yo fè kè m’ kontan. Se yo ki ban m’ konsèy sa pou m’ fè.
25 DALETH. My soul cleaveth unto the dust: quicken thou me according to thy word.
25 Mwen kouche atè nan pousyè a! Ban m’ lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
26 I have declared my ways, and thou heardest me: teach me thy statutes.
26 Mwen di ou tou sa m’ te fè, ou reponn mwen. Tanpri, moutre m’ tou sa ou vle m’ fè.
27 Make me to understand the way of thy precepts: so shall I talk of thy wondrous works.
27 Fè m’ konprann ki jan pou m’ swiv lòd ou ban mwen yo. M’a kalkile bèl bagay ou fè yo.
28 My soul melteth for heaviness: strengthen thou me according unto thy word.
28 Mwen gen lapenn, dlo ap koule nan je m’. Mete m’ sou de pye m’ ankò, jan ou te pwomèt la.
29 Remove from me the way of lying: and grant me thy law graciously.
29 Pa kite m’ lage kò m’ nan bay manti. Fè m’ favè sa a, moutre mwen lalwa ou.
30 I have chosen the way of truth: thy judgments have I laid [before me].
30 Mwen pran desizyon pou m’ swiv verite a. M’ap kenbe jijman ou yo devan je mwen.
31 I have stuck unto thy testimonies: O LORD, put me not to shame.
31 Mwen swiv prensip ou yo pwen pa pwen. Seyè, pa kite m’ pran wont.
32 I will run the way of thy commandments, when thou shalt enlarge my heart.
32 M’ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen.
33 HE. Teach me, O LORD, the way of thy statutes; and I shall keep it [unto] the end.
33 Seyè, moutre m’ jan pou m’ swiv lòd ou yo, pou m’ obeyi yo jouk sa kaba.
34 Give me understanding, and I shall keep thy law; yea, I shall observe it with [my] whole heart.
34 Ban m’ lespri pou m’ ka obeyi lalwa ou, pou m’ fè sa l’ mande a ak tout kè mwen.
35 Make me to go in the path of thy commandments; for therein do I delight.
35 Fè m’ viv yon jan ki dakò ak kòmandman ou yo, paske se nan yo mwen jwenn tout plezi m’.
36 Incline my heart unto thy testimonies, and not to covetousness.
36 Fè m’ pi anvi swiv prensip ou yo pase pou m’ anvi gen lajan.
37 Turn away mine eyes from beholding vanity; [and] quicken thou me in thy way.
37 Pa kite m’ kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m’ swiv chemen ou mete devan m’ lan.
38 Stablish thy word unto thy servant, who [is devoted] to thy fear.
38 Kenbe pwomès ou te fè sèvitè ou la, pwomès ou te fè pou moun ki gen krentif pou ou.
39 Turn away my reproach which I fear: for thy judgments [are] good.
39 Pa kite yo joure m’, mwen pè bagay konsa. Ala bon jijman ou yo bon!
40 Behold, I have longed after thy precepts: quicken me in thy righteousness.
40 Ou wè jan m’ anvi swiv lòd ou yo! Nan jistis ou, tanpri, ban m’ lavi ankò!
41 VAU. Let thy mercies come also unto me, O LORD, [even] thy salvation, according to thy word.
41 Fè m’ wè jan ou renmen m’, Seyè! vin delivre m’, jan ou te pwomèt la.
42 So shall I have wherewith to answer him that reproacheth me: for I trust in thy word.
42 Lè sa a, m’a gen repons pou m’ bay moun k’ap joure m’ yo, paske mwen gen konfyans nan pawòl ou.
43 And take not the word of truth utterly out of my mouth; for I have hoped in thy judgments.
43 Pa janm wete pawòl verite a nan bouch mwen, paske mwen mete tout espwa mwen nan jijman ou yo.
44 So shall I keep thy law continually for ever and ever.
44 M’ap toujou obeyi lalwa ou la, pou tout tan tout tan.
45 And I will walk at liberty: for I seek thy precepts.
45 M’a mache alèz san anyen pa jennen m’, paske m’ap toujou chache swiv lòd ou yo.
46 I will speak of thy testimonies also before kings, and will not be ashamed.
46 M’a fè wa yo konnen prensip ou yo, mwen p’ap wont fè sa.
47 And I will delight myself in thy commandments, which I have loved.
47 Mwen pran tout plezi m’ nan obeyi kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo.
48 My hands also will I lift up unto thy commandments, which I have loved; and I will meditate in thy statutes.
48 M’ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M’ap kalkile sou sa ou vle m’ fè a.
49 ZAIN. Remember the word unto thy servant, upon which thou hast caused me to hope.
49 Chonje sa ou te di sèvitè ou la. Se sa ki te ban m’ espwa.
50 This [is] my comfort in my affliction: for thy word hath quickened me.
50 Nan mizè mwen, tout konsolasyon m’, se pwomès ou fè m’ lan. Se sa ki fè m’ viv.
51 The proud have had me greatly in derision: [yet] have I not declined from thy law.
51 Yon bann awogan ap pase m’ nan betiz. Mwen pa janm dezobeyi lalwa ou.
52 I remembered thy judgments of old, O LORD; and have comforted myself.
52 Mwen chonje sa ou te deside nan tan lontan. Seyè, se sa ki ban m’ kouraj.
53 Horror hath taken hold upon me because of the wicked that forsake thy law.
53 Sa mete m’ ankòlè, lè m’ wè jan mechan yo ap dezobeyi lalwa ou.
54 Thy statutes have been my songs in the house of my pilgrimage.
54 Mwen fè chante ak sa ou mande m’ fè, nan kay ki pa lakay mwen.
55 I have remembered thy name, O LORD, in the night, and have kept thy law.
55 Lannwit se ou m’ap chonje, Seyè. M’ap fè tou sa lalwa ou la mande m’ fè.
56 This I had, because I kept thy precepts.
56 Pou mwen menm, men ki jan sa ye: se swiv m’ap swiv tout lòd ou yo.
57 CHETH. [Thou art] my portion, O LORD: I have said that I would keep thy words.
57 Seyè, mwen deja di ou sa: pou mwen menm, se kenbe m’ap kenbe pawòl ou yo.
58 I intreated thy favour with [my] whole heart: be merciful unto me according to thy word.
58 M’ap mande ou favè sa a ak tout kè m’: Tanpri, gen pitye pou mwen, jan ou te di l’ la.
59 I thought on my ways, and turned my feet unto thy testimonies.
59 Mwen egzaminen jan m’ap viv la. Mwen chanje pou m’ ka mache dapre prensip ou yo.
60 I made haste, and delayed not to keep thy commandments.
60 Mwen prese, mwen pa pran reta pou m’ obeyi kòmandman ou yo.
61 The bands of the wicked have robbed me: [but] I have not forgotten thy law.
61 Mechan yo sènen m’ toupatou ak pèlen yo. Men, mwen pa janm bliye lalwa ou la.
62 At midnight I will rise to give thanks unto thee because of thy righteous judgments.
62 Nan mitan lannwit mwen leve pou m’ di ou mèsi, paske tout jijman ou yo san patipri.
63 I [am] a companion of all [them] that fear thee, and of them that keep thy precepts.
63 Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k’ap swiv lòd ou yo.
64 The earth, O LORD, is full of thy mercy: teach me thy statutes.
64 Seyè, toupatou sou latè tout moun wè jan ou gen bon kè. Moutre m’ tou sa ou vle m’ fè.
65 TETH. Thou hast dealt well with thy servant, O LORD, according unto thy word.
65 Ou te aji byen avè m’, sèvitè ou la, jan ou te pwomèt la.
66 Teach me good judgment and knowledge: for I have believed thy commandments.
66 Moutre m’ sa ki byen, louvri lespri m’, ban m’ konesans, paske mwen gen konfyans nan kòmandman ou yo.
67 Before I was afflicted I went astray: but now have I kept thy word.
67 Anvan ou te pini m’ lan, mwen te konn fè sa ki mal. Men koulye a, m’ap fè tou sa ou di m’ fè.
68 Thou [art] good, and doest good; teach me thy statutes.
68 Ou gen bon kè, ou pa fè mechanste. Moutre m’ sa ou vle m’ fè.
69 The proud have forged a lie against me: [but] I will keep thy precepts with [my] whole heart.
69 Yon bann awogan ap fè manti sou mwen. Men mwen menm, m’ap swiv lòd ou yo ak tout kè m’.
70 Their heart is as fat as grease; [but] I delight in thy law.
70 Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m’ nan lalwa ou la.
71 It is good for me that I have been afflicted; that I might learn thy statutes.
71 Pinisyon an te bon nèt pou mwen! Li fè m’ konnen sa ou vle m’ fè.
72 The law of thy mouth [is] better unto me than thousands of gold and silver.
72 Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè.
73 JOD. Thy hands have made me and fashioned me: give me understanding, that I may learn thy commandments.
73 Se ou ki te kreye m’, se ou ki te fè m’ ak men ou. Ban m’ lespri pou m’ ka aprann kòmandman ou yo.
74 They that fear thee will be glad when they see me; because I have hoped in thy word.
74 Moun ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y’a wè m’, paske mwen te mete tout espwa m’ nan pawòl ou.
75 I know, O LORD, that thy judgments [are] right, and [that] thou in faithfulness hast afflicted me.
75 Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m’ paske ou toujou kenbe pawòl ou.
76 Let, I pray thee, thy merciful kindness be for my comfort, according to thy word unto thy servant.
76 Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m’, paske ou renmen m’.
77 Let thy tender mercies come unto me, that I may live: for thy law [is] my delight.
77 Gen pitye pou mwen pou m’ ka viv, paske mwen pran tout plezi m’ nan lalwa ou.
78 Let the proud be ashamed; for they dealt perversely with me without a cause: [but] I will meditate in thy precepts.
78 Bann awogan sa yo k’ap fini avè m’ san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m’ap kalkile lòd ou ban mwen yo.
79 Let those that fear thee turn unto me, and those that have known thy testimonies.
79 Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen.
80 Let my heart be sound in thy statutes; that I be not ashamed.
80 Se pou m’ fè tou sa ou vle m’ fè, san manke yonn, pou m’ pa janm wont.
81 CAPH. My soul fainteth for thy salvation: [but] I hope in thy word.
81 Seyè, kè m’ fè m’ mal tèlman m’ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou.
82 Mine eyes fail for thy word, saying, When wilt thou comfort me?
82 Je m’ yo fè m’ mal tèlman m’ap veye sa ou te pwomèt la. M’ap mande: -Kilè w’a vin konsole m’?
83 For I am become like a bottle in the smoke; [yet] do I not forget thy statutes.
83 Mwen tankou yon vye kalbas ki pandye bò dife. Men, mwen pa janm bliye sa ou mande m’ fè.
84 How many [are] the days of thy servant? when wilt thou execute judgment on them that persecute me?
84 Konbe jou sèvitè ou la rete pou l’ viv ankò? Kilè w’a pini moun k’ap pèsekite m’ yo?
85 The proud have digged pits for me, which [are] not after thy law.
85 Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p’ap fè sa ou mande nan lalwa a.
86 All thy commandments [are] faithful: they persecute me wrongfully; help thou me.
86 Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y’ap pèsekite m’ san rezon. vin pote m’ sekou!
87 They had almost consumed me upon earth; but I forsook not thy precepts.
87 Ti moso yo touye m’. Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lòd ou yo.
88 Quicken me after thy lovingkindness; so shall I keep the testimony of thy mouth.
88 Paske ou renmen m’, ban m’ lavi ankò pou m’ ka swiv prensip ki soti nan bouch ou.
89 LAMED. For ever, O LORD, thy word is settled in heaven.
89 Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y’ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.
90 Thy faithfulness [is] unto all generations: thou hast established the earth, and it abideth.
90 Tout tan tout tan, w’ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l’ap rete fèm.
91 They continue this day according to thine ordinances: for all [are] thy servants.
91 Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l’ la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye.
92 Unless thy law [had been] my delights, I should then have perished in mine affliction.
92 Si mwen pa t’ pran plezi m’ nan fè sa ou mande m’ fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen.
93 I will never forget thy precepts: for with them thou hast quickened me.
93 Mwen p’ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m’ lavi ankò.
94 I [am] thine, save me; for I have sought thy precepts.
94 Se moun ou mwen ye. Sove m’ non! M’ap toujou swiv lòd ou yo.
95 The wicked have waited for me to destroy me: [but] I will consider thy testimonies.
95 Yon bann mechan ap veye pou yo touye m’. Men mwen menm, m’ap veye pou m’ mache dapre prensip ou yo.
96 I have seen an end of all perfection: [but] thy commandment [is] exceeding broad.
96 Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan.
97 MEM. O how love I thy law! it [is] my meditation all the day.
97 Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m’ap kalkile sou li.
98 Thou through thy commandments hast made me wiser than mine enemies: for they [are] ever with me.
98 Kòmandman ou yo fè m’ gen plis konprann pase lènmi m’ yo. Kòmandman ou yo nan kè m’ tout tan.
99 I have more understanding than all my teachers: for thy testimonies [are] my meditation.
99 Mwen gen plis konprann pase tout pwofesè m’ yo, paske m’ap kalkile sou prensip ou yo.
100 I understand more than the ancients, because I keep thy precepts.
100 Mwen gen plis konprann pase granmoun cheve blan, paske mwen toujou swiv lòd ou yo.
101 I have refrained my feet from every evil way, that I might keep thy word.
101 Mwen veye pou m’ pa mete pye m’ nan move chemen, pou m’ ka fè tou sa ou di m’ fè.
102 I have not departed from thy judgments: for thou hast taught me.
102 Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay.
103 How sweet are thy words unto my taste! [yea, sweeter] than honey to my mouth!
103 Ala dous pawòl ou yo dous anba lang mwen! Yo pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen.
104 Through thy precepts I get understanding: therefore I hate every false way.
104 Lòd ou yo fè m’ konprann tout bagay, konsa mwen rayi tout bagay ki ka fè m’ bay manti.
105 NUN. Thy word [is] a lamp unto my feet, and a light unto my path.
105 Pawòl ou se yon chandèl ki fè m’ wè kote m’ap mete pye m’, se yon limyè k’ap klere chemen mwen.
106 I have sworn, and I will perform [it], that I will keep thy righteous judgments.
106 Mwen fè sèman, epi m’ap kenbe sèman an: M’ap fè tou sa ou deside nan jistis ou.
107 I am afflicted very much: quicken me, O LORD, according unto thy word.
107 Seyè, m’ap soufri anpil anpil. Ban m’ lavi ankò jan ou te pwomèt la.
108 Accept, I beseech thee, the freewill offerings of my mouth, O LORD, and teach me thy judgments.
108 Seyè, koute lè m’ap lapriyè pou m’ di ou mèsi. Fè m’ konnen tou sa ou deside.
109 My soul [is] continually in my hand: yet do I not forget thy law.
109 Se tout tan lavi m’ an danje. Men, mwen p’ap janm bliye lalwa ou.
110 The wicked have laid a snare for me: yet I erred not from thy precepts.
110 Yon bann mechan tann pèlen pou mwen. Men, mwen pa t’ dezobeyi lòd ou yo.
111 Thy testimonies have I taken as an heritage for ever: for they [are] the rejoicing of my heart.
111 Prensip ou yo se byen m’ pou tout tan, se yo ki fè kè m’ kontan.
112 I have inclined mine heart to perform thy statutes alway, [even unto] the end.
112 Mwen pran desizyon pou m’ fè tou sa ou vle m’ fè, tout tan jouk mwen mouri.
113 SAMECH. I hate [vain] thoughts: but thy law do I love.
113 Mwen rayi moun ki pa konn sa yo vle. Mwen renmen lalwa ou.
114 Thou [art] my hiding place and my shield: I hope in thy word.
114 Se ou ki defans mwen, se ou ki tout pwoteksyon mwen. Mwen mete tout espwa m’ nan pawòl ou.
115 Depart from me, ye evildoers: for I will keep the commandments of my God.
115 Wete kò nou sou mwen, bann mechan, pou m’ ka obeyi kòmandman Bondye mwen an.
116 Uphold me according unto thy word, that I may live: and let me not be ashamed of my hope.
116 Soutni mwen, jan ou te pwomèt la, pou m’ ka viv. Pa kite m’ pran wont pou m’ pa jwenn sa m’ap tann lan.
117 Hold thou me up, and I shall be safe: and I will have respect unto thy statutes continually.
117 Kenbe m’ pou m’ ka delivre. M’ap toujou veye pou m’ pa janm bliye sa ou vle m’ fè.
118 Thou hast trodden down all them that err from thy statutes: for their deceit [is] falsehood.
118 Ou meprize tout moun ki desobeyi lalwa ou yo, paske tout plan y’ap fè yo p’ap sèvi yo anyen.
119 Thou puttest away all the wicked of the earth [like] dross: therefore I love thy testimonies.
119 Ou konsidere mechan ki sou latè tankou fatra. Se poutèt sa mwen renmen prensip ou yo.
120 My flesh trembleth for fear of thee; and I am afraid of thy judgments.
120 M’ap tranble nan tout kò m’ sitèlman mwen pè ou. Wi, mwen pè jijman ou yo.
121 AIN. I have done judgment and justice: leave me not to mine oppressors.
121 Mwen fè sa ki dwat ak sa ki bon. Tanpri, pa lage m’ nan men lènmi m’ yo.
122 Be surety for thy servant for good: let not the proud oppress me.
122 Kanpe pou defann sèvitè ou la. Pa kite bann awogan yo mete pye sou kou mwen.
123 Mine eyes fail for thy salvation, and for the word of thy righteousness.
123 Je m’ yo fè m’ mal tèlman m’ap tann ou vin sove m’, jan ou te pwomèt fè m’ jistis la.
124 Deal with thy servant according unto thy mercy, and teach me thy statutes.
124 Jan ou gen bon kè sa a, aji byen ak sèvitè ou la. Moutre m’ sa ou vle m’ fè a.
125 I [am] thy servant; give me understanding, that I may know thy testimonies.
125 Se sèvitè ou mwen ye, louvri lespri m’, pou m’ ka konnen prensip ou yo.
126 It is time for [thee], LORD, to work: [for] they have made void thy law.
126 Seyè, li lè pou ou fè sa w’ap fè a, paske moun yo pa vle obeyi lalwa ou.
127 Therefore I love thy commandments above gold; yea, above fine gold.
127 Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an.
128 Therefore I esteem all [thy] precepts [concerning] all [things to be] right; [and] I hate every false way.
128 Se konsa, pou mwen menm tout lòd ou yo bon. Mwen rayi tout bagay ki ka fè m’ bay manti.
129 PE. Thy testimonies [are] wonderful: therefore doth my soul keep them.
129 Prensip ou yo se mèvèy. M’ap swiv yo ak tout kè m’.
130 The entrance of thy words giveth light; it giveth understanding unto the simple.
130 Esplikasyon nou jwenn nan pawòl ou klere lespri nou. Yo louvri lespri moun ki san konprann yo pou yo konprann.
131 I opened my mouth, and panted: for I longed for thy commandments.
131 Mwen rete ak bouch mwen louvri, m’ap tann, tèlman m’ anvi konnen kòmandman ou yo.
132 Look thou upon me, and be merciful unto me, as thou usest to do unto those that love thy name.
132 Vire gade m’ non, gen pitye pou mwen, tankou ou toujou fè l’ pou moun ki renmen ou yo!
133 Order my steps in thy word: and let not any iniquity have dominion over me.
133 Soutni m’ avèk pawòl ou pou m’ pa bite. Pa kite mechanste gen pye sou mwen.
134 Deliver me from the oppression of man: so will I keep thy precepts.
134 Delivre m’ anba men moun k’ap peze m’ yo pou m’ ka mache dapre lòd ou yo.
135 Make thy face to shine upon thy servant; and teach me thy statutes.
135 Se sèvi m’ap sèvi ou. Tanpri, fè m’ santi ou la avè m’. Moutre m’ sa ou vle m’ fè.
136 Rivers of waters run down mine eyes, because they keep not thy law.
136 Dlo ap kouri nan je m’ tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.
137 TZADDI. Righteous [art] thou, O LORD, and upright [are] thy judgments.
137 Seyè, ou pa nan patipri. Ou jije tout moun menm jan.
138 Thy testimonies [that] thou hast commanded [are] righteous and very faithful.
138 Prensip ou bay yo, se bagay ki dwat, se bagay ki vre.
139 My zeal hath consumed me, because mine enemies have forgotten thy words.
139 Tèlman mwen renmen lalwa ou, mwen santi se tankou yon dife k’ap boule tout anndan mwen, lè m’ wè jan moun ki pa vle wè m’ yo bliye pawòl ou yo.
140 Thy word [is] very pure: therefore thy servant loveth it.
140 Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li.
141 I [am] small and despised: [yet] do not I forget thy precepts.
141 Mwen pa anyen, y’ap meprize m’. Men, mwen pa bliye lòd ou bay yo.
142 Thy righteousness [is] an everlasting righteousness, and thy law [is] the truth.
142 Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite.
143 Trouble and anguish have taken hold on me: [yet] thy commandments [are] my delights.
143 Mwen nan tray, kè m’ ap kase. Men, mwen pran tout plezi m’ nan fè sa ou mande m’ fè.
144 The righteousness of thy testimonies [is] everlasting: give me understanding, and I shall live.
144 Prensip ou yo se bagay ki dwat pou tout tan. Ban m’ bon konprann pou m’ ka viv.
145 KOPH. I cried with [my] whole heart; hear me, O LORD: I will keep thy statutes.
145 M’ap rele nan pye ou ak tout kè mwen. Reponn mwen, Seyè, pou m’ ka toujou fè sa ou vle m’ fè.
146 I cried unto thee; save me, and I shall keep thy testimonies.
146 M’ap rele ou, sove m’ non, pou m’ ka mache dapre prensip ou yo!
147 I prevented the dawning of the morning, and cried: I hoped in thy word.
147 Solèy poko leve, m’ap rele mande sekou. Tout espwa mwen se nan pawòl ou li ye.
148 Mine eyes prevent the [night] watches, that I might meditate in thy word.
148 Lannwit poko rive, mwen moute kabann mwen pou m’ kalkile pawòl ou yo.
149 Hear my voice according unto thy lovingkindness: O LORD, quicken me according to thy judgment.
149 Seyè, koute sa m’ap di ou, paske ou gen bon kè. Ban m’ lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
150 They draw nigh that follow after mischief: they are far from thy law.
150 Moun ki soti pou touye m’ yo pwoche bò kote m’. Se moun sa yo ki vire do bay lalwa a depi lontan.
151 Thou [art] near, O LORD; and all thy commandments [are] truth.
151 Men, ou toupre m’, Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.
152 Concerning thy testimonies, I have known of old that thou hast founded them for ever.
152 Gen lontan depi mwen konnen prensip ou yo. Yo la pou tout tan.
153 RESH. Consider mine affliction, and deliver me: for I do not forget thy law.
153 Gade nan ki mizè mwen ye. Delivre m’ non, paske mwen pa janm bliye lalwa ou!
154 Plead my cause, and deliver me: quicken me according to thy word.
154 Defann kòz mwen, delivre m’. Ban m’ lavi ankò, jan ou te pwomèt la.
155 Salvation [is] far from the wicked: for they seek not thy statutes.
155 Mechan yo p’ap janm sove, paske yo p’ap chache konnen sa ou vle yo fè.
156 Great [are] thy tender mercies, O LORD: quicken me according to thy judgments.
156 Seyè, ou pa manke gen kè sansib! Ban m’ lavi ankò, jan ou te deside l’ la.
157 Many [are] my persecutors and mine enemies; [yet] do I not decline from thy testimonies.
157 Mwen gen anpil moun ki pa vle wè m’. Mwen pa janm mete prensip ou yo sou kote.
158 I beheld the transgressors, and was grieved; because they kept not thy word.
158 Lè m’ap gade bann trèt sa yo, sa ban m’ degoutans, paske se pa moun k’ap obeyi pawòl ou.
159 Consider how I love thy precepts: quicken me, O LORD, according to thy lovingkindness.
159 Gade jan m’ renmen lòd ou yo, Seyè! Ban m’ lavi ankò, paske ou renmen m’.
160 Thy word [is] true [from] the beginning: and every one of thy righteous judgments [endureth] for ever.
160 Tou sa ki nan pawòl ou se verite. Tout jijman ou yo se jijman ki san patipri. Yo la pou tout tan.
161 SCHIN. Princes have persecuted me without a cause: but my heart standeth in awe of thy word.
161 Yon bann chèf ap pèsekite m’ san rezon, men se pou pawòl ou yo mwen gen krentif.
162 I rejoice at thy word, as one that findeth great spoil.
162 Pawòl ou fè kè m’ kontan. Se tankou si m’ te jwenn yon gwo richès.
163 I hate and abhor lying: [but] thy law do I love.
163 Mwen rayi bay manti, mwen pa vle wè sa. Mwen renmen lalwa ou la anpil.
164 Seven times a day do I praise thee because of thy righteous judgments.
164 Sèt fwa chak jou m’ap di ou mèsi pou jijman ou yo ki san patipri.
165 Great peace have they which love thy law: and nothing shall offend them.
165 Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.
166 LORD, I have hoped for thy salvation, and done thy commandments.
166 M’ap tann ou vin delivre m’, Seyè. M’ap fè tou sa ou kòmande m’ fè.
167 My soul hath kept thy testimonies; and I love them exceedingly.
167 M’ap mache dapre prensip ou yo, se pa ti renmen mwen renmen yo.
168 I have kept thy precepts and thy testimonies: for all my ways [are] before thee.
168 M’ap swiv lòd ou yo, m’ap fè tou sa ou vle m’ fè, paske ou konnen tout vire tounen m’.
169 TAU. Let my cry come near before thee, O LORD: give me understanding according to thy word.
169 Se pou rèl mwen rive jouk nan zòrèy ou, Seyè. Jan ou te pwomèt la, ban m’ bon konprann.
170 Let my supplication come before thee: deliver me according to thy word.
170 Se pou lapriyè m’ rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m’.
171 My lips shall utter praise, when thou hast taught me thy statutes.
171 Se pou m’ louvri bouch mwen pou m’ fè lwanj ou, paske se ou ki moutre m’ sa ou vle m’ fè.
172 My tongue shall speak of thy word: for all thy commandments [are] righteousness.
172 Se pou m’ chante pou m’ fè konnen pawòl ou yo, paske tout kòmandman ou yo dwat.
173 Let thine hand help me; for I have chosen thy precepts.
173 Se pou ou vin ede m’ ak fòs ponyèt ou, paske mwen pran desizyon pou m’ swiv lòd ou yo!
174 I have longed for thy salvation, O LORD; and thy law [is] my delight.
174 Ou wè jan m’ap tann ou vin sove m’! Mwen jwenn tout plezi m’ nan lalwa ou.
175 Let my soul live, and it shall praise thee; and let thy judgments help me.
175 Ban m’ lavi pou m’ fè lwanj ou, pou ou ka vin ede m’, jan ou te deside l’ la.
176 I have gone astray like a lost sheep; seek thy servant; for I do not forget thy commandments.
176 Mwen tankou yon mouton ki pèdi bann li. Tanpri, vin chache m’, paske mwen pa janm bliye kòmandman ou yo.

Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

×

Search Bible Verses