Psalms Chapter 110
1 A Psalm of David. The LORD said unto my Lord, Sit thou at my right hand, until I make thine enemies thy footstool.
1 Se yon sòm David. Seyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: -Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
2 The LORD shall send the rod of thy strength out of Zion: rule thou in the midst of thine enemies.
2 Seyè a va fè ou dominen sou peyi ki lòt bò fwontyè peyi Siyon. Li di ou: -Gouvènen sou tout lènmi ou yo.
3 Thy people [shall be] willing in the day of thy power, in the beauties of holiness from the womb of the morning: thou hast the dew of thy youth.
3 Jou w’ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.
4 The LORD hath sworn, and will not repent, Thou [art] a priest for ever after the order of Melchizedek.
4 Seyè a te sèmante, l’ap toujou kenbe pawòl li: -Ou se prèt pou tout tan, menm jan ak Mèlkisedèk.
5 The Lord at thy right hand shall strike through kings in the day of his wrath.
5 Seyè a kanpe sou bò dwat ou. Lè l’ ankòlè l’ap krabinen wa yo.
6 He shall judge among the heathen, he shall fill [the places] with the dead bodies; he shall wound the heads over many countries.
6 L’ap jije nasyon yo, l’ap anpile kadav sou kadav, l’ap kraze chèf yo toupatou sou latè.
7 He shall drink of the brook in the way: therefore shall he lift up the head.
7 Wa a ap bwè dlo larivyè k’ap koule bò wout la. Se poutèt sa li p’ap janm bese tèt devan lènmi l’ yo.
Leave a Reply