Psalms Chapter 29
1 A Psalm of David. Give unto the LORD, O ye mighty, give unto the LORD glory and strength.
1 Se yon sòm David. Nou tout pitit Bondye yo, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj Seyè a pou pouvwa ak fòs li genyen!
2 Give unto the LORD the glory due unto his name; worship the LORD in the beauty of holiness.
2 Fè lwanj non Seyè ki gen pouvwa a! Adore Seyè a nan bèl kay ki apa pou li a!
3 The voice of the LORD [is] upon the waters: the God of glory thundereth: the LORD [is] upon many waters.
3 Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a.
4 The voice of the LORD [is] powerful; the voice of the LORD [is] full of majesty.
4 Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l’!
5 The voice of the LORD breaketh the cedars; yea, the LORD breaketh the cedars of Lebanon.
5 Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo.
6 He maketh them also to skip like a calf; Lebanon and Sirion like a young unicorn.
6 Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf.
7 The voice of the LORD divideth the flames of fire.
7 Vwa Seyè a fè zèklè.
8 The voice of the LORD shaketh the wilderness; the LORD shaketh the wilderness of Kadesh.
8 Vwa Seyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble.
9 The voice of the LORD maketh the hinds to calve, and discovereth the forests: and in his temple doth every one speak of [his] glory.
9 Vwa Seyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li.
10 The LORD sitteth upon the flood; yea, the LORD sitteth King for ever.
10 Seyè a te chita sou fotèy li lè te gen gwo inondasyon an. L’ap gouvènen tankou wa pou tout tan.
11 The LORD will give strength unto his people; the LORD will bless his people with peace.
11 Seyè a va bay pèp li a fòs, l’a beni yo, l’a ba yo kè poze.
Leave a Reply