1 Peter Chapter 2

1 Peter Chapter 2

1 Wherefore laying aside all malice, and all guile, and hypocrisies, and envies, and all evil speakings,
1 Se poutèt sa, derasinen tout mechanste ki te nan lavi nou. Sispann bay manti, sispann fè ipokrizi, sispann fè jalouzi ak tripotaj.
2 As newborn babes, desire the sincere milk of the word, that ye may grow thereby:
2 Tankou timoun ki fenk fèt, se pou nou kriye dèyè bon lèt san dekoupe ki soti nan Bondye, pou nou kapab grandi, pou nou kapab fin delivre nèt.
3 If so be ye have tasted that the Lord [is] gracious.
3 Paske, nou deja goute Mèt la, nou wè jan li bon.
4 To whom coming, [as unto] a living stone, disallowed indeed of men, but chosen of God, [and] precious,
4 Pwoche vin jwenn Seyè a, li menm ki wòch vivan an. Moun te voye li jete paske pou yo li te san valè. Men, li gen anpil valè pou Bondye ki te chwazi li.
5 Ye also, as lively stones, are built up a spiritual house, an holy priesthood, to offer up spiritual sacrifices, acceptable to God by Jesus Christ.
5 Nou menm tou, tankou wòch vivan, kite Bondye sèvi ak nou pou bati kay li a ak pouvwa Sentespri, pou nou ka sèvi l’ tankou prèt k’ap viv pou li. Konsa, gremesi Jezikri, n’a ofri bay Bondye ofrann ki soti nan kè nou, ofrann ki pou fè l’ plezi.
6 Wherefore also it is contained in the scripture, Behold, I lay in Sion a chief corner stone, elect, precious: and he that believeth on him shall not be confounded.
6 Se poutèt sa nou jwenn sa ekri nan Liv la: Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon, yon wòch kwen mwen menm mwen chwazi epi ki gen anpil valè. Moun ki mete konfyans yo nan li p’ap janm soti wont.
7 Unto you therefore which believe [he is] precious: but unto them which be disobedient, the stone which the builders disallowed, the same is made the head of the corner,
7 Pou nou menm ki mete konfyans nou nan wòch la, wòch la gen anpil valè. Men, pou moun ki pa mete konfyans yo nan li, sa ki ekri nan Liv la pral rive vre: Wòch moun ki t’ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.
8 And a stone of stumbling, and a rock of offence, [even to them] which stumble at the word, being disobedient: whereunto also they were appointed.
8 Se yon wòch k’ap fè moun bite, yon gwo wòch k’ap fè yo tonbe. Yo bite, paske yo pa koute pawòl la. Enben, se sa ki te sere pou yo.
9 But ye [are] a chosen generation, a royal priesthood, an holy nation, a peculiar people; that ye should shew forth the praises of him who hath called you out of darkness into his marvellous light:
9 Men nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, yon bann prèt k’ap sèvi Wa a, yon nasyon k’ap viv apa pou Bondye, yon pèp li achte. Li fè tou sa pou n’ te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.
10 Which in time past [were] not a people, but [are] now the people of God: which had not obtained mercy, but now have obtained mercy.
10 Anvan sa, nou pa t’ menm yon nasyon. Men koulye a, nou se pèp Bondye a. Anvan sa, Bondye pa t’ gen pitye pou nou. Koulye a, li gen pitye pou nou.
11 Dearly beloved, I beseech [you] as strangers and pilgrims, abstain from fleshly lusts, which war against the soul;
11 Zanmi m’ yo, men sa m’ap mande nou. M’ap pale ak nou koulye a tankou ak moun ki etranje, ki depasaj sou latè: Se pou nou kenbe tèt ak tout egzijans lachè a k’ap goumen kont nanm nou.
12 Having your conversation honest among the Gentiles: that, whereas they speak against you as evildoers, they may by [your] good works, which they shall behold, glorify God in the day of visitation.
12 Se pou nou gen yon bon kondit nan mitan moun sa yo ki pa konn Bondye. Konsa, lè y’ap pale nou mal, lè y’ap di se yon bann malfektè nou ye, y’a gen pou yo rekonèt tout byen n’ap fè a, y’a fè lwanj Bondye lè la vin jije yo.
13 Submit yourselves to every ordinance of man for the Lord’s sake: whether it be to the king, as supreme;
13 Soumèt devan tout otorite lèzòm etabli. Fè sa pou Bondye. Soumèt devan wa a, paske se li ki pi gwo chèf.
14 Or unto governors, as unto them that are sent by him for the punishment of evildoers, and for the praise of them that do well.
14 Soumèt devan majistra yo, paske wa a voye yo pou peni tout moun k’ap fè mal, pou fè lwanj tout moun k’ap fè byen.
15 For so is the will of God, that with well doing ye may put to silence the ignorance of foolish men:
15 Paske, Bondye vle pou n’ fè sa ki byen, pou n’ ka fèmen bouch moun sa yo ki pa konn anyen, ki san konprann.
16 As free, and not using [your] liberty for a cloke of maliciousness, but as the servants of God.
16 Se pou nou viv tankou moun ki gen tout libète yo. Men, nou pa dwe pran libète sa a sèvi yon kouvèti pou nou fè sa ki mal. Se pou nou viv tankou moun k’ap sèvi Bondye.
17 Honour all [men]. Love the brotherhood. Fear God. Honour the king.
17 Se pou nou bay chak moun respè li merite. renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a.
18 Servants, [be] subject to [your] masters with all fear; not only to the good and gentle, but also to the froward.
18 Nou menm domestik yo, nou fèt pou soumèt devan mèt nou yo avèk tout respè yo merite. Pa sèlman devan mèt ki bon yo, mèt ki gen bon kè yo, men devan mèt ki gen karaktè difisil yo tou.
19 For this [is] thankworthy, if a man for conscience toward God endure grief, suffering wrongfully.
19 Bondye va beni nou, si, lè y’ap fè nou soufri pou sa nou pa fè, nou sipòte lafliksyon an paske nou konnen se sa Bondye vle.
20 For what glory [is it], if, when ye be buffeted for your faults, ye shall take it patiently? but if, when ye do well, and suffer [for it], ye take it patiently, this [is] acceptable with God.
20 Ki lwanj ki gen nan sa si nou sipòte lè y’ap maltrete nou pou sa nou fè ki mal? Men, si lè nou fè byen, nou sipòte tou sa y’ap fè nou soufri poutèt byen nou fè a, sa se yon bèl bagay devan Bondye.
21 For even hereunto were ye called: because Christ also suffered for us, leaving us an example, that ye should follow his steps:
21 Se pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye.
22 Who did no sin, neither was guile found in his mouth:
22 Li pa t’ janm fè ankenn peche. Ankenn manti pa t’ janm soti nan bouch li.
23 Who, when he was reviled, reviled not again; when he suffered, he threatened not; but committed [himself] to him that judgeth righteously:
23 Lè yo t’ap joure l’, li pa t’ reponn. Lè yo t’ap maltrete l’, li pa t’ mennase pesonn. Men, li renmèt kòz li nan men Bondye k’ap jije tout bagay san patipri.
24 Who his own self bare our sins in his own body on the tree, that we, being dead to sins, should live unto righteousness: by whose stripes ye were healed.
24 Kris la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l’ pou l’ te ka geri nou.
25 For ye were as sheep going astray; but are now returned unto the Shepherd and Bishop of your souls.
25 Nou te tankou mouton ki te pèdi bann yo. Men, koulye a, nou tounen vin jwenn Kris la ki gadò nou, k’ap veye sou nanm nou.

Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

×

Search Bible Verses